Benefis and Risk pou Aplike pou Azil
Ki posib benefis ki genyen pou aplike pou azil?
Si ou genyen azil la:
- Wap pwoteje kont depòtasyon epi ou kapab viv ak travay nenpòt kote nan Etazini pou osi lontan ke ou vle.
- Ou ka mande azil pou konjwen w ak timoun ki pa marye ki poko gen laj 21 ane lè wap soumèt aplikasyon w —menmsi yo andeyò Etazini oswa wap viv nan Etazini san yon estati legal.
- Ou pral anmezi pou jwenn pèmisyon nan men gouvènman an pou vwayaje andeyò Etazini epi retounen nan Etazini.
- Ou ka gen aksè nan sèten benefis asistans piblik ke ou pa t genyen anvan.
- Apre ou fin genyen azil la, ou ka chwazi pou aplike pou vin yon Rezidan Pèmanan Legal (detantè kat vèt). Kèk ane apre ou fin tounen yon Rezidan Pèmanan Legal, ou ka chwazi pou aplike pou vini yon sitwayen Ameriken.
Lè w aplike pou azil la sa ka ba w sèten pwoteksyon menm anvan gouvènman an deside sou demann azil ou a.
- Si w deja gen yon dosye nan tribinal imigrasyon, aplike pou azil pral pwoteje w kont depòtasyon pandanke aplikasyon w lan annatant. Sa a vle di si ou te aplike pou azil nan tribinal imigrasyon, yo pa p depòte w jiskaske yon jij imigrasyon deside sou dosye azil ou an.
- Si jij la pa akòde azil ou an, wap toujou gen yon opòtinite pou lite kont desizyon an. Pwosesis sa a rele yon apèl. Si ou konteste, gouvènman an pa kapab depòte w jiskaske Konsèy Apèl Imigrasyon a deside sou kontestasyon ou an.
- Apre yon peryòd atant 150 jou, ou ka aplike pou yon pèmi travay pandanke aplikasyon azil la annatant.
Ki risk posib ki genyen lè w aplike pou azil?
- Si ou pa gen yon dosye nan tribinal imigrasyon, gouvènman Ameriken an ka pa konnen si ou nan peyi a. Lè w aplike pou azil sa pral alète otorite imigrasyon yo ke ou prezan. Ou pral bezwen pou bay gouvènman tou adrès ou lè wap aplike pou azil. Si ou deplase, ou dwe mete adrès ou ajou avèk gouvènman an.
- Si yon ofisye azil pa akòde azil ou an epi ou pa genyen lòt estati imigrasyon, yo pral voye dosye w la nan tribinal imigrasyon. Nan tribinal imigrasyon, w ap gen yon lòt chans pou w lite pou azil. Men, si yon jij imigrasyon refize dosye w la, evantytèlman yo ka depòte w.
- Si ou deja genyen yon dosye nan tribinal imigrasyon, kidonk gouvènman Ameriken an deja konnen kimoun ou ye nan peyi a, kidonk risk sa yo ka pa afekte w.
Li enpòtan pou w onèt nan aplikasyon azil ou. Si gouvènman an panse ou te bay manti sou fè enpòtan osijè reklamasyon azil ou, yo ka di ke aplikasyon azil ou an te “frivòl.” Si sa rive, gouvènman an ka entèdi w pou jwenn lòt kalite estati imigrasyon, menmsi yo pa gen rapò avèk azil la.
Resous sa a te kreye pa Pwojè Defans Moun kap Chèche Azil [Asylum Seeker Advocacy Project (ASAP)] epi modifye pa Immigrant Advocates Response Collaborative (I-ARC). Ou ka wè resous orijinal la ak nenpòt mizajou sou sitwèb ASAP isit la: https://help.asylumadvocacy.org/faqs-general-orientation/
Comments
0 comments
Please sign in to leave a comment.