Ki etap pou aplike pou azil si mwen pa nan tribinal la?
Ki etap pwosesis azil la avèk USCIS?
Men kijan pwosesis azil la avèk USCIS sanble:
- Prepare epi soumèt aplikasyon azil ou bay USCIS.
- Resevwa yon avi resi pou aplikasyon azil ou a.
- Resevwa yon avi pou yon randevou byometrik, epi ale nan randevou byometrik ou a, kote gouvènman an pral kolekte anprent dwèt ou.
- Aplike pou yon pèmi travay. Moun k ap chèche azil yo ka aplike pou yon pèmi travay 150 jou apre yo fin soumèt aplikasyon azil yo.
- Tann entèvyou azil ou a. Tan datant lan ka trè long. Pandan w ap tann, ou ka kontinye renouvle pèmi travay ou.
- Resevwa yon avi pou entèvyou azil.
- Ale nan entèvyou azil ou a epi eksplike istwa w la bay ofisye azil la.
- Resevwa yon desizyon.
Si USCIS ba ou azil, oumenm ak nenpòt manm fanmi ou te mete nan aplikasyon azil ou a ap resevwa azil.
Kijan pou m tcheke estati aplikasyon mwen an ak USCIS?
Ou ka tcheke estati aplikasyon w lan avèk USCIS lè w antre nimewo resi w la nan zouti USCIS sa a sou Entènèt. Nimewo resi w la sitiye nan kwen anlè gòch nan avi resi w la. Nimewo resi a anjeneral kòmanse ak twa lèt.
Si w gen kesyon sou kisa zouti USCIS sou sitiyasyon dosye a di, ou ka rele USCIS tou nan 1-800-375-5283. Lè yo mande w poukisa w ap rele, ou ka di "InfoPass" pou w pale ak yon reprezantan. Ou ka oblije rete tann anpil tan anvan ou konekte ak yon reprezantan.
Kisa mwen ta dwe fè si mwen pa resevwa yon avi resi apre mwen fin soumèt aplikasyon azil mwen an bay USCIS?
Premye bagay pou w fè si w pa resevwa yon avi resi se pou tcheke si w te resevwa aplikasyon azil ou a (Fòm I-589) nan USCIS. Si ou voye aplikasyon azil ou pa lapòs epi ou gen enfòmasyon pou swiv, ou ta dwe swiv pakè a. Anrejistre yon kapti-ekran oswa enprime paj wèb la ki konfime livrezon an. Si ou te aplike pou azil sou Entènèt, tcheke kont USCIS sou Entènèt pou jwenn avi sa a.
Pandan w ap tann avi resi w la, asire ou kenbe adrès ou ajou ak USCIS.
Si w pa resevwa yon avi resi apre 2 mwa, ou ka rele Sant Kontak USCIS nan 1-800-375-5283. Lè yo mande w pou eksplike poukisa wap rele, ou ka di "InfoPass" pou w pale ak yon reprezantan. Lè sa a, ou ka eksplike ke ou te soumèt aplikasyon azil ou a 2 mwa de sa men ou pa te resevwa yon avi resi. Asire w ke ou gen Nimewo A ou pare (si w genyen youn), ansanm ak nenpòt enfòmasyon postal ou ka genyen, tankou dat ou te voye dokiman w pa lapòs ak nimewo kontwòl postal la.
Ou ka eseye kontakte biwo azil USCIS lokal ou a tou pou mande asistans yo. Ou ka jwenn enfòmasyon pou kontakte biwo lokal ou a lè w antre kòd postal ou nan paj wèb sa a: https://egov.uscis.gov/office-locator/#/asy
Ki kote biwo azil mwen an ye ak kijan pou m kontakte yo?
Si w te resevwa avi entèvyou azil ou a, w ap jwenn adrès biwo azil ou a sou avi a.
Si w bezwen kontakte biwo azil la, ou ka jwenn enfòmasyon pou kontakte yo sou paj wèb USCIS sa a: https://egov.uscis.gov/office-locator/#/asy
Ou ka tcheke tou si biwo azil lokal ou a louvri lè w ale nan pajwèb USCIS sa a:
https://www.uscis.gov/about-us/uscis-office-closings
Kilè entèvyou azil mwen an ak USCIS?
Apre ou fin soumèt aplikasyon azil ou a, USCIS ta dwe voye yon avi pou entèvyou a pa lapòs avèk dat, lè, ak kote pou entèvyou azil ou a. Si w demenaje, asire ou mete adrès ou ajou pou w pa rate okenn avi.
Si w poko resevwa yon avi pou entèvyou, ou ka tcheke estati aplikasyon azil ou a avèk USCIS lè w antre nimewo resi w nan zouti USCIS sa a sou Entènèt: https://egov.uscis.gov/casestatus/landing.do. Nimewo resi w la sitiye nan kwen anlè gòch nan avi resi w pou aplikasyon azil ou a. Nimewo resi a anjeneral kòmanse ak twa lèt. Zouti sou estati dosye a pral montre si yo te voye yon avi pou entèvyou ba ou, men li p ap montre w dat entèvyou w la.
Si zouti sou estati dosye a montre ke yo te voye yon avi entèvyou men ou pa resevwa li, ou ka rele USCIS nan 1-800-375-5283. Lè yo mande w pou eksplike poukisa w ap rele, ou ka di "InfoPass" pou w pale ak yon reprezantan.
Kisa mwen ta dwe fè si mwen pa ka patisipe nan entèvyou azil mwen an nan dat ki pwograme a?
Si w pa ka patisipe nan entèvyou w la, ou ka mande pou yo repwograme entèvyou w la. Pou fè demann sa a, ou ka ekri rezon ki fè ou pa ka ale nan kazye anba goch la sou avi entèvyou azil orijinal ou. Lè w fini, fè yon kopi oswa pran yon foto pou dosye w. Apresa, ou ka poste orijinal la bay biwo azil ki endike nan avi w la. Demann ou pou repwograme randevou w la dwe rive anvan dat entèvyou ou te pwograme a.
Li ka difisil pou repwograme entèvyou ou. Li kapab retade tou aplikasyon w pou yon pèmi travay. Se konsa, si sa posib, ou ta dwe ale nan entèvyou ou a nan lè pwograme a. Si w te deja rate entèvyou w la, tanpri li sou etap ou ka pran yo.
Konbyen tan mwen pral oblije tann anvan yo pwograme entèvyou mwen an? Èske mwen ka fè pwosesis la pi vit?
Malerezman, pa gen yon repons klè pou kesyon sa a. Ou ka oblije rete tann anpil tan pou yo pwograme w pou entèvyou azil ou.
Kounye a, USCIS pa trete dosye azil yo nan lòd yo te vini an, kòmanse ak dosye ki pi ansyen yo an premye. Olye de sa, nan mwa Janvye 2018, yo te kòmanse bay priyorite avèk dosye ki te depoze pi resan. Nan lòt mo, kounye a USCIS ap trete dènye dosye azil yo an premye, epi dosye azil ki pi ansyen yo an dènye. Sistèm sa a rele "Dènye antre, premye soti."
Si ou te ranpli aplikasyon azil ou anvan Janvye 2018, ou ka tann pou yon bon bout tan anvan yo pwograme w pou entèvyou ou.
Si ou te ranpli aplikasyon azil ou apre Janvye 2018, yo ka pwograme w pou yon entèvyou pi vit.
Kisa k ap pase nan entèvyou azil la?
Pandan entèvyou azil la, yon ofisye azil ap poze w kesyon pou detèmine si w kalifye pou azil. Entèvyou a ka pran yon bon bout tan - ant 1 èdtan ak plis pase 4 èdtan.
Lè ou rive nan biwo azil la, ou pral premye pase yon kontwòl sekirite. Apresa, ou pral tcheke avèk yon resepsyonis. Si ou gen nenpòt dokiman ke ou pa t soumèt anvan men ou vle ofisye azil la gade, ou ka remèt li bay resepsyonis la. Ou pral tann nan yon sal datant jiskaske yon ofisye azil rele non w epi mennen w nan yon chanm prive pou entèvyou w la. Entèprèt ou ak avoka w ka vini avèk ou.
Depi w nan chanm entèvyou a, ofisye azil la ap mande w pou w sèmante ke w ap di laverite nan entèvyou a.
Ofisye a pral ale sou aplikasyon azil ou a avèk ou, enkli enfòmasyon tankou non w, adrès, ak nimewo telefòn ou. Lè sa a, ofisye a ap poze w kesyon sou dosye w la. Kèk kesyon ofisye a ka poze w, yo ka gen ladan rezon ki fè ou te kite peyi w, ki kalite prejidis ou te soufri, si w te eseye jwenn èd nan men lapolis oswa gouvènman an, ak sa ki ta ka rive w si w ta retounen nan peyi orijin ou nan tan kap vini an.
Nan fen entèvyou a, si ou gen yon avoka, avoka w la ap gen dwa pou pale. Avoka w ka eksplike ofisye a poukisa ou ta dwe genyen azil la. Anfen, ofisye a pral eksplike kijan w ap resevwa desizyon w lan. Apresa, entèvyou a pral fini epi ou pral sòti nan sal la.
Li enpòtan pou w onèt nan entèvyou a. Enfòmasyon ki pa kòrèk oswa ki pa konsistan ka koze pwoblèm pou dosye imigrasyon w lan. Ou ka revize aplikasyon azil ou anvan entèvyou a.
Si w santi ou gen konfizyon nan nenpòt moman pandan entèvyou a, ou ka mande klarifikasyon. Si ou pa konnen repons pou yon kesyon, li kòrèk pou di ke ou pa konnen repons lan. Si ofisye a mande ki lè yon bagay te pase, ou pa oblije bay yon dat egzat. Ou ka bay yon dat apwoksimatif (pa egzanp, ou ka di "nan mwa Avril oswa Me ane pase a" oswa "nan prentan ki te pase a"). Si w gen difikilte pou w konprann entèprèt ou a, ou ta dwe enfòme ofisye azil la.
Li nòmal pou w santi w ajite oswa estrese pandan entèvyou azil ou a. Li ka trè difisil ak trè emosyonèl pou pale sou sa ki te pase w ak laperèz ou. Li nòmal si ou kriye pandan entèvyou a. Ou ka mande ofisye a pou yon ti repo si ou bezwen youn. Enfòmasyon ou pataje pandan entèvyou a ap rete konfidansyèl epi sekrè, kidonk ou pa bezwen enkyete w osijè pou yon lòt moun jwenn enfòmasyon sou istwa ou. Pwosesis pou chèche azil la ka difisil, men sonje ke ou pa poukont ou.
Kisa mwen ta dwe pote nan entèvyou a?
Ou dwe pote:
- Avi entèvyou azil ou a.
- Konjwen w ak pitit ou ki enkli nan dosye azil ou a.
- Yon entèprèt, si w pa santi w alèz pou w fè entèvyou an Angle.
- Avoka w oswa reprezantan w, si w genyen youn.
- Dokiman idantite, tankou yon paspò, pou oumenm ak manm fanmi w ki enkli nan dosye azil ou a.
- Yon kopi aplikasyon azil ou a (Fòm I-589) ak dokiman sipò yo.
- Orijinal tout dokiman ou te soumèt yo ak aplikasyon azil ou a, tankou paspò, I-94s, batistè, ak sètifika maryaj pou oumenm ak fanmi w ki enkli nan dosye azil ou a.
- Nenpòt lòt prèv ki sipòte dosye w la.
- Tradiksyon ak sètifika tradiksyon pou nenpòt dokiman ki pa nan lang angle.
- Avi randevou byometrik ou ak yon so pou montre ke ou te ale nan randevou byometrik ou a.
- Li enstriksyon yo ki nan avi entèvyou w la avèk anpil atansyon.
Ou pa ta dwe pote:
- Manje ak bwason.
- Aparèy elektwonik. Ou ka kite telefòn selilè ou ak lòt aparèy elektwonik lakay ou oswa nan machin ou.
- Nenpòt zam oswa objè byen file. W ap pase yon kontwòl sekirite lè w rive nan biwo azil la.
Sa ki annapre yo pa obligatwa, men yo ka itil:
- Ou ka pote yon bagay pou kenbe oumenm ak fanmi w okipe pandan w ap rete tann. Pafwa, apre ou fin rive nan biwo azil la, w ap bezwen tann yon ti tan anvan entèvyou w la kòmanse. Ou pa ka pote aparèy elektwonik, men ou ka pote bagay tankou liv ak magazin. Si ou gen yon timoun piti, ou ta dwe pote yon bagay pou kenbe yo okipe, tankou yon jwèt oswa liv koloran. Ou ka nan biwo azil la pandan plizyè èdtan.
- Ou ta dwe abiye ak rad pwòp, byen apwopriye. Ou pa oblije mete yon kostim. Ou ka mete yon chanday oswa yon jakèt paske gen kèk biwo azil ki kapab fè frèt.
- Rive bonè (apeprè 30 minit anvan lè ou te fikse a).
Èske mwen bezwen mennen fanmi m nan entèvyou a?
Wi, si ou gen manm fanmi ki enkli nan dosye azil ou a, yo bezwen vin nan entèvyou azil la avèk ou, men yo pa pral entèvyouve tèt yo. Si yo pa enkli nan dosye azil ou an, yo pa bezwen vini.
Tanpri sonje ke ou ka bezwen mennen yon moun pou chita ak pitit ou pandan y ap fè entèvyou w. Pitit ou yo ki enkli nan dosye w la bezwen vin nan entèvyou a avèk ou, men yo pral gen plis chans pou chita nan sal datant la pandan yon ofisye azil ap entèvyouve w. Timoun piti yo pa gen dwa pou chita pou kont yo nan sal datant lan, epi ou ka bezwen yon moun pou veye yo pandan y ap fè entèvyou w.
Tanpri revize enstriksyon yo ki nan avi entèvyou w la byen anvan entèvyou a.
Èske mwen bezwen mennen yon avoka nan entèvyou a?
Yon avoka pa obligatwa pou entèvyou a, men si ou gen yon avoka, ou gen dwa pou vini avèk li.
Avoka w pa gen dwa pale pandan pifò entèvyou a. Avoka a ka pran nòt pandan entèvyou a, reponn nenpòt kesyon ke ofisye azil la poze yo, epitou di yon bagay nan fen entèvyou a pou eksplike poukisa yo ta dwe akòde w azil la.
Tanpri sonje ke avoka ou a kapab patisipe nan entèvyou a adistans, pa telefòn.
Si mwen pa pale Angle, èske mwen bezwen mennen yon entèprèt nan entèvyou a?
Wi, ou ta dwe mennen yon entèprèt nan entèvyou a si ou pa pale angle byen. Si w bezwen yon entèprèt men ou pa vini avèk youn, yo ka anile entèvyou w la epi repwograme w.
Li avi entèvyou w la avèk anpil atansyon pou enstriksyon yo!
Men kèk konsèy pou w jwenn yon entèprèt si w bezwen youn:
- Si w mennen yon entèprèt, entèprèt la dwe gen omwen 18 an epi li dwe pale angle ak lang ou prefere a.
- Tanpri asire w ke entèprèt ou a se yon moun ou fè konfyans ki pral entèprete chak mo ou di avèk presizyon, epi ki pral kenbe enfòmasyon ou yo konfidansyèl. Entèprèt ou a pa kapab avoka w, yon temwen ki pral temwaye nan non ou, oswa yon reprezantan oswa yon anplwaye nan gouvènman peyi orijin w.
- Si ou soud oswa ou gen pwoblèm pou tande, epi ou bezwen èd pou jwenn yon entèprèt apwopriye, ou ka kontakte biwo azil lokal kote entèvyou w la pral fèt. Jwenn biwo azil lokal ou a isit la: https://egov.uscis.gov/office-locator/#/asy
- Si oumennen yon entèprèt, ofisye azil la ap rele pwòp entèprèt pa yo tou nan telefòn, pou asire w ke tout sa entèprèt ou a ap di yo egzat. Entèprèt sa a nan telefòn lan ap rete an silans pifò tan, epi li pral sèlman pale si ofisye azil la mande yo, oswa si yo santi yo bezwen korije yon bagay.
Èske mwen ka mande pou yo fè yon entèvyou avèk yon ofisye azil fi oswa gason?
Wi, yon ofisye azil fi oswa gason ka mande pou yo fè yon entèvyou. USCIS rekonèt ke pafwa li pi difisil pou pale sou eksperyans ou pase ak yon moun ki gen yon sèten sèks. Biwo azil la pral fè tout sa li kapab pou respekte demann ou an. Ou ka voye yon lèt alekri bay biwo azil lokal la (https://egov.uscis.gov/office-locator/#/asy) pou mande yon ofisye azil fi oswa gason.
Èske enfòmasyon mwen pataje nan entèvyou a ap rete konfidansyèl?
Wi, enfòmasyon ou yo pral rete konfidansyèl. Sa vle di ke enfòmasyon w sekrè ak prive, epi yo pa pral pataje ak lòt moun. Ou pa bezwen enkyete pou yon lòt moun jwenn enfòmasyon sou istwa ou.
Kisa mwen ta dwe fè si mwen rate entèvyou azil mwen an?
Si w rate entèvyou w la epi ou vle kontinye pouswiv dosye azil ou a, ou ta dwe kontakte biwo azil la opli vit posib, nan 45 jou. W ap bezwen eksplike poukisa ou rate li, epi USCIS ka dakò pou repwograme entèvyou w la si yo kwè ou te gen yon bon rezon (yo rele tou "bon kòz").
Si plis pase 45 jou fin pase, ou ka toujou kapab repwograme entèvyou ou a, si ou gen yon "sikonstans eksepsyonèl." Egzanp sikonstans eksepsyonèl yo enkli vyolans domestik oswa maladi grav. Ou ka li plis sou "bon kòz" ak "sikonstans eksepsyonèl" sou paj wèb USCIS sa a: https://www.uscis.gov/humanitarian/refugees-and-asylum/asylum/establishing-good-cause-or-exceptional-circumstances
Si w rate entèvyou w la epi ou pa pran okenn aksyon, sa k ap pase apre sa depannde sitiyasyon w:
● Si w pa gen lòt estati imigrasyon (tankou Estati Pwoteje Tanporè oswa yon viza valab), y ap kòmanse yon pwosè nan tribinal imigrasyon kont ou.
● Si w gen yon lòt estati imigrasyon, USCIS ap anile dosye azil ou a.
Ou ka verifye estati aplikasyon w avèk USCIS lè w itilize zouti estati dosye USCIS : https://egov.uscis.gov/casestatus/landing.do. Ou ka swete pou jwenn asistans legal pou konprann opsyon yo.
Konbyen tan mwen oblije tann yon desizyon apre entèvyou azil mwen an?
Tan datant pou yon desizyon ka varye. Longè tan datant la pa nesesèman endike si dosye w la pral apwouve oswa refize.
Kèk aplikan resevwa desizyon yo de semèn apre entèvyou yo, epi yo pral mande pou yo tounen nan biwo azil kote yo te fè entèvyou a pou yo resevwa desizyon an.
Si desizyon an dire plis pase de semèn, nòmalman y ap voye desizyon an ba ou. Si w demenaje, asire w ke ou chanje adrès ou.
Resous sa a te kreye pa Asylum Seeker Advocacy Project (ASAP) epi modifye pa Immigrant Advocates Response Collaborative (I-ARC). Ou ka wè resous orijinal la ak nenpòt mizajou sou sitwèb ASAP isit la: https://help.asylumadvocacy.org/faqs-uscis/
Comments
0 comments
Please sign in to leave a comment.