Ki diferans ki genyen ant CBP, ICE, USCIS, ak Tribinal Imigrasyon?
Gouvènman ameriken an gen plizyè ajans imigrasyon. Chak ajans responsab pou yon pati diferan nan sistèm imigrasyon an. Ajans sa yo genyen ladan yo:
- Ladwàn ak Pwoteksyon Fwontyè (CBP)
- Ranfòsman Imigrasyon ak Ladwàn (ICE)
- Sèvis Sitwayènnte ak Imigrasyon Etazini (USCIS)
-
Tribinal Imigrasyon (yo rele tou Biwo Egzekitif pou Revizyon Imigrasyon oswa EOIR)
Si w vle pouswiv dosye azil ou a, li enpòtan anpil pou w ale nan TOUT randevou ak odyans ou pwograme yo. Si w demenaje, asire ou mete adrès ou ajou avèk chak ajans sa yo separeman. Ajans diferan yo pa enfòme youn ak lòt lè yon moun te deplase, kidonk ou bezwen pou mete yo ajou separeman.
- CBP se ajans gouvènman an ki fè respekte lwa imigrasyon nan fwontyè, pò, ak ayewopò. Yo fè yon premye detèminasyon sou ki moun ki ka antre Ozetazini ak ki moun ki pa kapab. Yo ka arete epi kenbe moun toupre fwontyè a.
-
ICE se ajans gouvènman an ki fè respekte lwa imigrasyon nan peyi Etazini. ICE aji kòm "polis" imigrasyon an. Yo ka kenbe moun yo panse ki vyole lwa imigrasyon.
- Gen kèk moun ki gen randevou regilye ak ICE. Randevou pou enskripsyon sa yo pafwa rive ak konpayi prive ki travay pou ICE, atravè yon pwogram ki rele “ISAP.”
-
USCIS se ajans gouvènman ki trete anpil aplikasyon pou imigrasyon. Si ou pa gen yon dosye tribinal imigrasyon, ou ka aplike pou azil ak USCIS.
- Keseswa ou gen yon dosye imigrasyon ou non, USCIS se kote ou ale pou randevou byometrik ou (kote yo pran anprent). USCIS trete aplikasyon pou pèmi travay, kat vèt, sitwayènte ameriken, ak plis ankò.
-
Tribinal imigrasyon se ajans gouvènman an ki deside si sèten imigran kapab rete Ozetazini.
- Si w aplike pou azil nan tribinal imigrasyon, yon jij imigrasyon ap deside sou dosye w la. Yon dosye nan tribinal imigrasyon rele tou "pwosedi tribinal imigrasyon," "pwosedi pou soti", "pwosedi depòtasyon" oswa "EOIR."
- Si yon jij imigrasyon refize azil, ou ka fè apèl nan pwochen nivo sistèm tribinal imigrasyon an, ki rele Komisyon Apèl pou Imigrasyon an.
Resous sa a te kreye pa Asylum Seeker Advocacy Project (ASAP) epi modifye pa Immigrant Advocates Response Collaborative (I-ARC). Ou ka wè resous orijinal la ak nenpòt mizajou sou sitwèb ASAP isit la: https://help.asylumadvocacy.org/faqs-general-orientation/
Comments
0 comments
Please sign in to leave a comment.